top of page

Bandi frape Enfrastrikti lopital Bernard Mevs :Anbasabè Lafrans an Ayiti Endiye kont zak sa.

Lendi 16 Desanm nan, yon dife kriminèl ravaje lopital Bernard Mevs, youn nan enfrastrikti sante ki pi enpòtan nan peyi a. Anbasadè Lafrans an Ayiti, Antoine Michon, eksprime gwo tristès li ak endiyasyon fas ak sa, li dekri kòm yon zak terib. “Se dezolasyon!” li te ekri sou platfòm X, pandan l ap mande pou enfrastrikti sante yo, li konsidere kòm sakre, jwenn plis pwoteksyon.


Nan mesaj li, Anbasadè a denonse yon seri atak ki vize enstitisyon medikal yo. "Apre Lopital Jeneral ak Lopital Sè ak Mè Teresa yo, se Bernard Mevs ki vin viktim kounye a. Yon lòt fwa ankò, se sila ki pi vilnerab yo k ap peye pri foli kriminèl sa yo," li deklare. Dapre yon sous ki pwòch direksyon lopital la, pèt yo vize: kat sal operasyon, laboratwa, sal imaj medikal, ak sal reyanimasyon an, ki totalman boule. Rès lopital la sibi sakaj, sa ki mete enstitisyon an nan yon eta devastasyon total.


Anbasadè Antoine Michon renouvle apèl li pou ranfòse sekirite nan enfrastrikti sante yo, ki esansyèl pou sèvi pi fèb yo nan sosyete a. Zak sa a raple nesesite ijan pou pwoteje resous medikal yo nan yon kontèks ki deja difisil.

Yorumlar

5 üzerinden 0 yıldız
Henüz hiç puanlama yok

Puanlama ekleyin
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page