Bandi ak zam asasine ansyen sekretè Deta Doktè Laurent Beaugé nan komin Delmas.
- konektem info
- 11 mars
- 1 min de lecture
Jodi madi 11 mas 2025 lan nan maten, Doktè Laurent Beaugé tonbe anba bal zèfèyis, nan ri Marien Delmas 31. Kèk moun fè kwè Doktè Beaugé t ap fè rezistans Kont yon tantativ kidnapin. Malfra yo retire lavi nemològ la, ak plizyè bal daprè jij de pè Delmas ki te fè konsta kadav la.
Doktè Beaugé se te yon moun ki pote kontribisyon nan sante piblik la li te okipe fonksyon direktè depatman Sante Nòdwès ak sekretè Deta Popilasyon. Doktè a tou te aktif nan politik, li se Kòdonatè Nasyonal Secteur non-alignés.
Comments