top of page

Aéroport Toussaint Louverture resevwa Premye vòl komèsyal li apre sèvis vwayaj yo te kanpe.

Apre plizyè mwa san okenn vòl komèsyal, Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture te akeyi premye vòl komèsyal li madi 17 Desanm nan. Vòl charter sa a, ki te fèt pa konpayi ekwatòryèn, te asire vwayaj ant Ayiti ak Brezil, li te pote anviwon 200 pasaje. Evènman sa a make yon etap enpòtan nan jefò otorite peyi a,  pou rekòmanse vòl entènasyonal yo.


Malgre jefò k ap fèt pou asire sekirite nan anviwon ayopò sila a, Ayiti  kontinye sibi restriksyon FAA (Federal Aviation Administration) ki anpeche vòl ant Etazini ak Ayiti. Dapre otorite yo, si kondisyon sekirite yo amelyore, restriksyon sa yo ka leve apati 12 mas 2025.


Nan menm tan an, ouvèti sa a ak Brezil bay yon egzanp pozitif sou kapasite Ayiti pou ranfòse lyen li ak lòt peyi nan rejyon Amerik Latin nan, malgre defi sekirite yo. Sa montre yon lòsyè espwa pou kominote ayisyèn nan ak ekonomi peyi a.

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page