top of page

Ayiti Tranzisyon: Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an vote Edgard Leblanc Fils kòm prezidan Konsèy la epi Frizt Belizaire kòm Premye Minis.

Jan sa te prevwa a manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon a (KPT) te dwe reyini jodi madi 30 avril la nan "Villa d'accueil" la pou òganize eleksyon pou detèmine kiyès pami yo k ap prezide Konsèy sila.

Devan manm laprès ak plizyè lòt pèsonalite nan peyi a, ansyen senatè, lidè pati politik Òganizasyon Pèp k ap Lite a (OPL) rive jwenn majorite 4 manm vote pou l dirije bak KPT a.


Menm majorite sa a rive dezinye Mesye Frizt Belizaire kòm chèf pwochen gouvènman. Mesye Belizaire se ansyen minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik sou administrasyon Preval/Alexis a. Rete pou aktè yo travay sou kabinè ministeryèl la ak soti dekrè pou peyi gen yon gouvènman tou nèf.


Anpil defi ap tann KPT a ak gouvènman k ap genyen ki pou fòme a. Pami yo ensekirite a k ap vale teren pi plis chak jou.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page