top of page

Ayiti ak Benen Ranfòse Relasyon Diplomatik yo.

Nan lide pou ranfòse relasyon diplomatik peyi Dayiti ak kontinan Afriken an, minis Zafè Etranjè ak Kilt Ayiti a, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste,  rankontre ak omològ li Beninwa, Olushegun Adjadi Bakari. Rankont sa a make yon etap kle nan objektif pou amelyore koperasyon ant de peyi yo, ki pataje yon eritaj istorik ak kiltirèl ki sanble.


Pandan diskisyon yo, tou de (2) chanselye yo te mete aksan sou nesesite pou devlope lyen ki pi solid ant Ayiti ak Benen. Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste te souliye enpòtans pou Ayiti chache nouvo alyans, espesyalman ak peyi Afriken yo.

« Ayiti ak Benen gen yon koneksyon istorik ki pa ka neglije. Kounye a, se moman pou n transfòme koneksyon sa a an pwojè konkrè nan domèn agrikilti, edikasyon, kilti ak komès, » se deklarasyon minis zafè etranje ayisyen an.


Olushegun Adjadi Bakari, bò kote pa l, te mete aksan sou potansyèl pou tou de (2) peyi yo travay ansanm pou defann enterè yo sou sèn entènasyonal la.


Pou konkretize angajman yo, de (2) dokiman enpòtan te siyen:


Memorandum sou Konsiltasyon Politik ak Diplomatik: Yon zouti estratejik ki pral favorize echanj pi souvan sou sijè enterè komen yo.


Kominike ofisyèl : Yon deklarasyon mityèl kote de (2) peyi yo konfime volonte yo pou bati yon relasyon ki chita sou transparans, respè youn pou lòt ak devlopman dirab.


Vizit sa a pa reprezante  sèlman yon etap nan relasyon ant Ayiti ak Benen, men tou yon pati nan yon vizyon pi laj pou ranfòse relasyon Ayiti ak kontinan Afriken an. Angajman sa yo make yon volonte klè pou amelyore byennèt popilasyon tou de (2) peyi yo atravè yon koperasyon solid, ki respekte valè ak objektif kolaborasyon de (2) peyi yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page