Atak sou yon machin anbasad ameriken mete aksan sou pwoblèm ensekirite Ayiti a.
- konektem info
- 20 janv.
- 1 min de lecture
Jodi 20 janvye 2025, yon machin anbasad ameriken an Ayiti sibi yon atak lendi sa a pandan li t ap pran direksyon kay konsil ameriken yo. Dapre enfòmasyon ki soti nan Miami Herald, pandan atak la, yon anplwaye anbasad la, ki idantifye kòm yon jadinye, te blese anba bal. Li te transpòte an ijans lopital, men pa gen plis detay sou eta sante li ni sou kondisyon egzak atak la.
Atak sa a fèt nan yon moman kote ensekirite ap monte nan Pòtoprens. Gwoup ame yo ap fè plis zak vyolans pou ranfòse kontwòl yo sou plizyè zòn nan kapital la, pandan Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a poko reyisi kraze bastyon gang yo. Sitiyasyon sa a soulve anpil kesyon sou kapasite fòs lokal ak entènasyonal yo pou retabli lòd nan peyi a.
Zak vyolans sa a vin mete plis limyè sou gwo defi sekirite Ayiti ap fè fas, sitou nan pwoteksyon pèsonèl diplomatik yo ak popilasyon an. Li montre nesesite pou gen yon repons rapid ak kowòdone pou konbat gang yo epi retabli lapè nan peyi a.
Comments