Arestasyon yon Jèn Gason ki fè tèt li pase pou doktè nan Lopital Justinien Okap.
- konektem info
- 17 janv.
- 1 min de lecture
Polis Nasyonal Ayiti (PNH) mete men sou Pierre Moïse, yon moun ki te prezante tèt li kòm doktè nan Lopital Justinien, Kap Ayisyen, mèkredi 15 janvye 2025. Operasyon an te fèt avèk efikasite pa Direksyon Depatmantal Nò (DDN).
Pierre Moïse te arete avèk plizyè ekipman medikal sou li. Yon analiz nan telefòn li revele foto ki montre li ap bay swen medikal plizyè moun, yon aksyon li te fè ilegalman pa sèlman nan Lopital Justinien, men tou nan yon lòt enstitisyon medikal nan Pòdpè.
Prezime enpostè sila twouve l kounye a an gadavi, epi pral parèt devan otorite jidisyè pou reponn kesyon sou zak li yo.
Otorite lopital yo ansanm ak fòs polis yo mande popilasyon an pou rete vijilan pou evite sitiyasyon konsa rive ankò.
Nan kontèks jefò k ap fèt pou konbat ensekirite, PNH montre yon lòt fwa ankò angajman li pou pwoteje sitwayen yo kont tout fòm devyasyon. Entèvansyon sa a reflete detèminasyon polisye yo pou asire yon anviwònman sekirize ak konfyans pou tout moun.
Comments