Arestasyon Maria Corina Machado mete limyè sou kriz Peyi Venezyela a.
- konektem info
- 10 janv.
- 1 min de lecture
Maria Corina Machado, yon figi enpòtan nan opozisyon venezyelyèn nan, te arete ayè jedi 9 janvye a, pandan yon manifestasyon kont envestiti Nicolas Maduro. Machado t ap soutni Edmundo González Urrutia, kandida opozisyon an ki kontinye reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl mwa jiyè pase a.
Dapre temwen yo, fòs sekirite yo te entèvni avèk vyolans pandan arestasyon Machado a, tire kout zam epi simaye panik nan mitan manifestan yo. Evènman sa a fèt nan yon kontèks kote opozisyon an kontinye akize rejim Maduro a kòmkwa y ap fè fwod elektoral, poutan González di li genyen eleksyon yo ak 67 % vòt yo, yon rezilta Konsèy Nasyonal Elektoral la refize pibliye.
Manifestasyon ki soti nan kriz sa a deja lakòz 28 mò, plizyè santèn blese, ak arestasyon an mas. González, k ap fè yon toune entènasyonal pou alète kominote entènasyonal la, kondane arestasyon Machado a epi denonse "kidnaping" bòfrè, ki dapre li se yon lòt fòm entimidasyon ki pwouve enjistis rejim Maduro a.
Pandan sa, Maduro ap ranfòse pouvwa li. Li reyaji kont manifestasyon yo epi mobilize fòs militè ak polis pou garanti envestiti li, yon zak ki parèt plis tankou yon demonstrasyon fòs pase yon evènman lejitim. Sitiyasyon an rete sou tansyon, pandan gen gwo risk pou vyolans yo ogmante nan jou kap vini yo.
Arestasyon Maria Corina Machado a pa sèlman yon zak kont yon opozan politik. Li vin tounen yon senbòl batay pou demokrasi nan Venezyela, yon peyi kote vwa sitwayen yo ap vin pi fèb chak jou.
Comments