top of page

Arestasyon Ansyen Depite Prophane Victor.

Dimanch 12 janvye 2025, Polis Nasyonal  Ayiti (PNH) frape fò nan batay kont gang yo. Ansyen depite Ti-Rivyè Latibonit la, Prophane Victor, jwenn arestasyon li nan youn nan kay li genyen Petyonvil yo. Enfòmasyon an konfime pa Pòt pawòl Adjwen Lapolis la, Lionel Lazarre.


Apre arestasyon an, yon lòt operasyon te fèt nan yon kay Prophane genyen nan Vivy Mitchell. Direktè Jeneral PNH la, Rameau Normil, te prezan pandan fouy la, ki fè pati yon seri mezi pou demantle rezo k ap sipòte gang yo.

Prophane Victor se pa yon non etranje nan mitan sanksyon entènasyonal yo. Nan mwa septanm 2024, Etazini ak Kanada te mete l anba sanksyon pou lyen li ak gang ame, espesyalman Gran Grif, yon rezo ki fè ravaj nan zòn Latibonit la. Sanksyon sa yo te bloke li nan fè tranzaksyon finansye ak vwayaje nan peyi sa yo.


Arestasyon sa a vini nan yon moman kote lapolis ak kominote entènasyonal la ap ogmante presyon sou tout aktè ki soutni gang yo. Operasyon sa yo vize  retabli sekirite nan peyi a epi koupe sous finansman òganizasyon kriminèl yo. Kounye a, Zye tout moun fikse sou kijan dosye Prophane Victor pral devlope nan kad jefò pou konbat enpinite an Ayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page