top of page

Apèl pou yon Misyon Lapè: Yon Nesesite ijan pou Sekirite an Ayiti.

Pandan deba entènasyonal yo sou kriz Ayiti a ap kontinye, aksyon sou estrateji entèvansyon yo rete fèb, pandan rezilta ankèt sou vyolans, an Ayiti yo, kontinye ap ogmante. Nan ane 2024, gang ame yo te lakòz lanmò 5,600 moun. María Isabel Salvador, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral ONU pou Ayiti, te dekri yon reyalite trajik kote lapolis nasyonal Ayiti (PNH), avèk sipò Misyon Multinasyonal Sipò Sekirite (MMSS), ap fè fas ak yon pakèt defi .


Ghada Fathi Waly, direktè egzekitif Biwo Nasyonzini kont Dwòg ak Krim (ONUDC), te mete aksan sou masak tankou sa ki te fèt nan Latibonit nan mwa Oktòb, ak nan Wharf Jérémie nan mwa Desanm 2024, li di: « Masak sa yo montre yon ogmantasyon nan taktik brital gang yo. » Li te tou avèti sou yon ogmantasyon nan afluk zam, malgre yon anbago entènasyonal.


Minis Zafè Etranjè Ayiti a, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, te entansifye apèl pou transfòme MMSS an yon misyon lapè total. Li te denonse limitasyon misyon aktyèl la, ki manke finansman, ekipman, ak sipò ayeryen. « Limitasyon sa yo ralanti kapasite misyon an pou reponn ak kriz sekirite yo avèk efikasite, » li te deklare.


Malgre kèk avanse nan tranzisyon politik yo, ak nominasyon Alix Didier Fils-Aimé kòm Premye Minis, nan mwa Novanm 2024, ensekirite a rete yon obstak majè. Peyi tankou Frans, Kenya, ak Repiblik Dominikèn sipòte yon transfòmasyon nan MMSS, pandan Larisi ak Lachin rete retisan.


« Pèp ayisyen an pa ka tann ankò, » te ensiste Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, pandan li mande kominote entènasyonal la pran aksyon rapid pou retabli sekirite ak estabilite. Li soulinye yon misyon ranfòsman t a kapab make yon chanjman estratejik nan batay kont vyolans ki paralize Ayiti.

Pandan tansyon ant nasyon yo ap ogmante, kesyon sou si Ayiti pral jwenn solisyon ijan rete san repons klè.

 
 
 

Комментарии

Оценка: 0 из 5 звезд.
Еще нет оценок

Добавить рейтинг
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page