Aprè plis pase 15 mwa lagè Hamas ak Izrayèl jwenn yon akò pou kanpe gè a pou yon ti tan.
- konektem info
- 15 janv.
- 1 min de lecture
Jodi mèkredi 15 janvye a, Premye Minis peyi Kata a, Mohammed ben Abdelrahmane Al-Thani, anonse «Cessez-le-feu» ki gen pou antre anvigè dimanch 19 janvye k ap vini an. Peyi Kata, ki jwe wòl medyasyon bò kote Etazini ak Ejip, finalman rive jwenn akò ant de (2) pati yo pou yon trèv aprè plis pase uit (8) mwa medyasyon.
Plizyè peyi salye anons trèv sila epi espere yon lapè dirab nan rejyon an. Prezidan Peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, espere lapè sa ap dirab antre Hamas ak Izrayèl pandan Ministè Zafè etranje Jòdani an salye akò pou trèv la, anmenmtan tou mande pou èd imanitè yo rive prese prese nan band Gaza a ki fin ravaje anba asò lagè juif yo.
Yon lòt kote plizyè òganizasyon entènasyonal manifeste volonte pou angaje nan konsolidasyon Lapè ant de peyi yo: Izrayèl ak Palestin. Mirjana Spoljaric, Prezidant Komite Entènasyonal Lakwa Wouj (CICR) deklare enstans l ap dirije a prè pou fasilite liberasyon otaj de (2) peyi yo.
Nan menm moman an responsab Ajans ONU pou refijye Palestinyen yo (Unrwa), Philippe Lazzarini plede pou fasilite èd imanitè yo rive jwenn band Gaza a san antrav.
Soti 7 oktòb 2023 pou rive 14 janvye 2025 lan se anviwon 47 491 kretyen vivan ki fè vwèl pou peyi san chapo san konte 11 672 moun ki blese. Daprè Biro Santral Estatistik Palestinyen yo (BCPS) fanm ak timoun reprezante 70% viktim. Hamas malgre aboutisman akò sa a, daprè prensipal negosyatè Hamas yo nan Kad akò sa a, Khalil al-Hayya, fè konnen mouvman li reprezante a p ap padone krim lagè lame juif la.
Comentarios