top of page

Aprè 53 lane Institution Mixte Foyer Divin sou wout pou pèdi lokal li san yo pa konnen kote yo prale.

Responsab Institution Mixte Foyer Divin (IMFD) se yon lekòl k ap desèvi kominin Site Solèy ak Taba leve vwa yo pou mande Leta kisa yo deside fè ak yo. Lekòl 53 lane a la chita kò l nan dò èpòt Toussaint Louverture nan lokalite Sat, fè pati lis kay otorite lameri pral kraze ki kole kole ak èpòt la.

"Akòz ensikirite a timoun yo deja pèdi anpi jou nan ane eskolè 2023-2024 la. Se semèn sa nou apèn rekòmanse travay. Nan menm moman an otorite Lameri manke a démoli nan mi nou. Nou pa deside kanpe an fas desizyon Leta men nou ta renmen pou otorite fasilite timoun yo fini ane eskolè a." Se deklarasyon yon responsab lekòl la fè.

Pou rezon sekirite, kòmansman mwa avril la otorite yo kòmanse ak demolisyon plizyè kay ki nan perimèt èpòt. Anpil pwopriyetè kay ki kraze yo plenyen paske yo poko jwenn okenn dedomajman pou relokalize yo.

Lokal IMFD ki sou wout kraze a gen ladan l tou yon Sant ki resevwa timoun ki pa gen paran oubyen paran yo pa kapab reponn ak bezwen esansyèl yo. Devan sitiyasyon sa kisa otorite yo ap fè pou timoun sa yo pa pèdi ane lekòl la nèt? Kisa yo ap fè pou timoun ki nan sant lan pa lage nan lari a?

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page