top of page

Antonio Guterres Kondane Mank Sipò pou Misyon Sekirite a an Ayiti.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, lanse yon gwo kritik kont mank kontribisyon kominote entènasyonal la pou finanse misyon sekirite a an Ayiti, kote Kenya ap dirije operasyon an. Guterres deklare  mank sipò sa a se yon bagay ki «absolument inacceptable», sitou pandan gang yo ap kontinye simen vyolans sou popilasyon an.


Dapre li, anpil fwa lajan jwenn byen vit pou lòt kriz atravè monn nan, men pou Ayiti, kote kantite lajan ki nesesè a relativman piti, kominote entènasyonal la pran twòp tan pou reyaji. Li raple, malgre soufrans pèp ayisyen an, repons lan toujou ap trennen, e li mande yon aksyon prese prese pou ede Ayiti soti nan sitiyasyon difisil sa a.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page