top of page

Ansyen Premyè Dam, Martine Moïse, doute sou lanmò Jij Wendelle Coq.

Lanmò ansyèn jij Lakou Kasasyon, Wendelle Coq Thelot, ki te anonse pa plizyè medya, tankou Passion Info Plus ak Radio Télé Métronome, samdi 11 janvye 2025 lan, kite anpil kesyon san repons.


Jiskaprezan, pa gen okenn enfòmasyon klè sou kote ni sikonstans lanmò li. Sa ki entrige ansyen premyè Dam nan, Martine Moïse, atravè kabinè avoka li Expertus Firme d’Avocats, eksprime dout sou lanmò Madam Coq, ki non li te site nan ankèt sou asasinay ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Avoka yo mande yon ekspètiz medikal ki legal  sou kadav la pou klere tout detay sou sikonstans lanmò li. Nan lèt sa a, kabinè a soulve plizyè kesyon enpòtan, tankou:


• Kote Madam Coq te kache pandan plis pase twa (3) ane sa yo?


• Ki eta kadav la ye aktyèlman?


• Ak Ki kòz egzak lanmò a?


Dapre avoka yo, lajistis t a dwe louvri yon ankèt epi pousuiv tout moun ki t a ka enplike nan fè ansyen jij la antre nan mawon epi jwenn kote pou kache. Yo mande pou tout detay sou dosye sa a fè klè avan nenpòt entèman fèt.


Lanmò Wendelle Coq Thelot ajoute yon lòt dimansyon nan polèmik k ap antoure dosye asasinay Jovenel Moïse, epi li poze plis kesyon sou kapasite sistèm jistis la pou fè limyè sou gwo dosye ki gen enpak nasyonal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page