top of page

Ansyen Direktris SNGRS la, Magalie Habitant, jwenn arestasyon l.

Jodi jedi 9 janvye 2025, nan Laboule, Petyonvil, Ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mete men sou ansyen Direktris Sèvis Nasyonal Jesyon Fatra (SNGRS), Magalie Habitant.


Adjwen Pòt-pawòl Lapolis la, Lionel Lazarre, konfime nouvèl sila, men li pa ofri okenn detay sou rezon arestasyon an.

Jiskaprezan, otorite yo poko devwale sa ki t a ka eksplike aksyon sa  lapolis poze. Chofè ansyen direktris la, Lener Jean Philippe, li menm tou, jwenn arestasyon. Dapre sous yo, plis detay yo ap vini sou operasyon sa a ki deja  atire anpil atansyon.


N ap raple Magalie Habitant te gen yon manda pou l parèt devan lajistis nan men l, kite fè jij enstriksyon  Merlan Belabre te odisyone l, nan dat 17 avril 2024 la. Militant politik la te akize kòmkwa l konn fè menas lanmò, ankouraje vyolans, konplo kont Leta elatriye.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page