top of page

Anplwaye DGI yo an grèv depi plis pase 15 jou.

Grèv anplwaye Direksyon Jeneral Taks (DGI) a ki te kòmanse depi 23 septanm 2024 la kontinye ap paralize aktivite nan tout biwo DGI yo atravè peyi a. Anplwaye yo ap fè presyon sou gouvènman an pou amelyore kondisyon travay yo, pandan y ap mande pou yon nouvo direktè jeneral vin pran tèt enstitisyon an. Yo plenyen akoz gouvènman an pa pran okenn mezi pou ogmante salè yo, malgre chay lavi a ak enflasyon ki kontinye ap ogmante.


Anplwaye yo di yo pa kapab kontinye ak sitiyasyon sa a kote yo santi yo neglije, e se pou sa yo deside pran pozisyon fèm pou fè tande vwa yo. Nan menm sans lan, yo fè konnen yo p ap sispann grèv la jiskaske tout revandikasyon yo jwenn satisfaksyon.


Menm si grèv la gen yon gwo enpak sou kapasite gouvènman an ranmase taks, espesyalman nan moman kote ane fiskal la fèk kòmanse, minis finans lan, Ketleen Florestal, ak premye minis de-fakto a, Garry Conille, poko fè okenn demach pou rezoud kriz la. Anplwaye yo mande popilasyon an pou konprann batay yo, pandan yo kontinye ap tann yon repons favorab nan men otorite yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page