Anbasad Ameriken fè PNH la kado plizyè materyèl.
- konektem info
- 10 févr.
- 1 min de lecture
Nan kad yon seremoni ki fèt jodi 10 fevriye 2025 lan, Anbasadè ameriken an Ayiti, Dennis B. Hankins, remèt yon pakèt materyèl bay Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH), Fòs Lame Ayiti ak Misyon Miltinasyonal la. Kontribisyon sa a, ki evalye a 6 milyon dola ameriken, gen ladann 9 machin blennde pou transpò moun, 2 kamyon, 2 bakolodè, ansanm ak zam, katouch ak lòt ekipman estratejik. Se nan Direksyon Jeneral PNH la seremoni an te fèt, avèk prezans Prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la, Leslie Voltaire, Direktè PNH la, Rameau Normil, ak Komandan Fòs Miltinasyonal la, Godfrey Otunge.
Ekipman sa yo pral kontribye nan ranfòse kapasite operasyonèl fòs sekirite yo, nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak gwo defi ensekirite. Don sa a antre nan kad sipò Etazini kontinye bay pou amelyore sekirite nan peyi a.
Comentarios