top of page

AJANTIN MANDE PAKISTAN AK SRI LANKA POU MARE KOU KRAB MINIS ENTERYÈ IRANYEN

Pandan minis enteryè iranyen fè pati de yon delegasyon gouvènmantal Repiblik Islamik Iran k ap fè yon vizit nan 2 peyi: Pakistan ak Sri Lanka.


Gouvènman ajanten an mande peyi sa yo pou arete mesye Ahmad Vahidi. Bwenozè akize Vahidi kòm prensipal otè entèlektyèl pi gwo atak nan tout istwa peyi Ajantin, atanta Amia a (kominote juif) nan lane 1994 nan kapital politik peyi a Bwenozè.


Yon atak ki te lakòz 85 moun pèdi lavi yo epi anviwon 300 blese. Ministè zafè etranjè ajanten an deklare madi 24 avril 2024 la se sou demann li entèpòl pibliye yon avi wouj pou arestasyon Vahidi.


Pou moman delegasyon kontinye vizit yo a nan peyi Sri Lanka e Iran kalifye demand gouvènman ajanten an ilegal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page