AGD fè yon gwo kou kont kontrebann nan Pòtoprens ak Miragwàn.
- konektem info
- 4 avr.
- 1 min de lecture
Administrasyon Jeneral Ladwàn (AGD) lanse yon frap fò kont aksyon kontrebann k ap fèt, pandan semèn sa a. Kote gen de (2) gwo operasyon ki fèt nan Pòtoprens ak Miragwàn. Dapre yon nòt ofisyèl, aksyon sa yo pèmèt otorite yo mete men sou materyèl sansib ak machandiz ki pa t deklare.
Premye operasyon an fèt madi 1e avril nan Pòtoprens. Kote Ajan ladwàn yo te sezi yon dròn pwofesyonèl ansanm ak plizyè ekipman kominikasyon pa radyo. Gen lòt pwodui tou ki te rantre ilegalman sou teritwa a ki te konfiske. AGD fè konnen materyèl sa yo kapab sèvi pou aktivite kriminèl, sa ki reprezante yon menas pou sekirite ak lòd piblik.
Dezyèm operasyon an rive fèt ayè jedi 3 avril nan zòn Miragwàn. Ajan ladwàn yo mete men sou yon kannòt ki t ap transpòte yon kantite televizyon kontrebann. Ekipman sa yo pa t gen okenn deklarasyon ladwàn ki konfòm, sa ki lakòz yo te sezi yo imedyatman.
AGD mete aksan sou operasyon sa yo ki rantre nan kad yon estrateji pi laj pou kwape enpòtasyon machandiz ilegal, espesyalman sa yo ki ka itilize pou aktivite klandesten. Enstitisyon an raple kontrebann nan lakoz gwo pèt pou Leta epi li bay ekonomi nasyonal la gwo kou.
Otorite ladwàn yo renouvle angajman yo pou ogmante kontwòl sou tout teritwa a, epi aplike lalwa eskrik kont tout moun ki pa respekte règ yo.
Comments