top of page

Administrasyon Trump lan Depòte 25 Ayisyen San yon vrè Asistans Leta Ayisyen.

Jodi Madi 4 fevriye 2025 lan, 25 Ayisyen rive Ayiti aprè yo te depòte soti Ozetazini, sou administrasyon Donald Trump lan. Daprè enfòmasyon VOA Kreyòl rapòte, pami yo, gen 13 ki te deja kondane Ozetazini, pandan majorite lòt yo te nan prizon oswa nan detansyon aprè yo te fin pèdi ka azil yo.


Anpil nan rapatriye sa yo te fache anpil paske yo rive san paspò yo. Dapre Kerlande Desauguste, responsab rejyonal Òganizasyon Nasyonal Migrasyon (ONM), sèlman sèt (7) nan paspò yo te rive ak vòl depòtasyon an Ayiti, sa ki mete anpil nan migran yo nan yon sitiyasyon difisil.

Depòtasyon sa a fèt nan yon kontèks kote administrasyon Trump lan te mete fen nan Pwogram Lojman Kondisyonèl Imanitè a, ki te pèmèt plizyè milye Ayisyen ak lòt nasyon antre legalman Ozetazini. Anpil òganizasyon imanitè, tankou Gwoup k ap Apiye Refijye ak Rapatriye (GARR), denonse desizyon sa yo, paske yo kwè sa ap agrave kriz imigrasyon an.


Leslie Voltaire, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a, fè konnen  depòtasyon sa yo se "yon katastwòf pou peyi a," kote sosyete a deja ap goumen ak yon ensekirite epi enstabilite politik.

Pandan y ap tann plis aksyon gouvènman an sou dosye sa a, anpil Ayisyen k ap viv Ozetazini ap mande si politik depòtasyon sa a pral kontinye oswa si gen espwa pou chanjman nan politik imigrasyon ameriken an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page