Administrasyon Trump lan Depòte 135 sitwayen dominiken.
- konektem info
- 27 janv.
- 1 min de lecture
Lendi 27 janvye 2025 lan, gouvènman Etazini an kontinye fè respekte nouvo politik migratwa li, ak depòtasyon 135 Dominiken ki te nan sitiyasyon ilegal. Yon avyon ki soti nan Lwizyàn te ateri nan ayopò "Las Américas" nan Sen Domeng ak migran sa yo.
Pou akomode yo, Direksyon Jeneral Imigrasyon Dominiken an te deplwaye yon ekip sekirite ak polisye nan nòdwès ayewopò a. Moun yo depòte yo akize swa pou vyolasyon lwa imigrasyon ameriken an, swa pou komèt krim federal pandan yo t ap viv Ozetazini. Yo te transfere nan Sant Seleksyon Haina, San Cristóbal, pou enskripsyon ak pwosesis rentegrasyon yo ankò.
Politik migratwa agresif sa a, dirije pa administrasyon Trump lan, pwovoke gwo reyaksyon entènasyonal, espesyalman nan peyi ki deja ap konbat kriz sosyal ak ekonomik, tankou Ayiti. Leslie Voltaire, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayisyen an, te denonse konsekans politik sa a pandan yon vizit li te fè nan Vatikan. Men, li klè, apèl yo poko ase pou ranvèse tandans lan.
Comments