Administrasyon Prezidan Trump lan anvizaje fèmen USAID.
- konektem info
- 4 févr.
- 1 min de lecture
Ayè 3 fevriye 2025 lan, Administrasyon Trump lan deklanche gwo polemik apre li anonse fèmti Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID). Desizyon sa a, Demokrat yo dekri l kòm "ilegal" epi yo pwomèt pou mennen batay nan tribinal kont mezi sa a. Yo mete aksan sou wòl Elon Musk t a jwe nan desizyon sa a, sa ki ogmante enkyetid sou enfliyans li nan politik ameriken an.
Nan maten lendi 3 fevriye a, tout anplwaye USAID yo te resevwa lòd pou yo pa antre nan biwo ajans lan, nan Washington. Ajan sekirite yo menm te anpeche kèk palmantè antre, kèk èdtan sèlman apre Elon Musk te anonse Donald Trump deside fèmen enstitisyon an.
Desizyon sa a vini nan yon moman kote plizyè milye anplwaye USAID deja pèdi travay yo, epi plizyè pwogram te sispann depi Trump retounen sou pouvwa a. Pandan yo t ap poze l kesyon sou nesesite pou Kongrè bay otorizasyon pou fèmti USAID, Trump rejte kesyon an epi li deklare li pa wè sa kòm yon obligasyon. Li akize, san prèv, ansyen administrasyon Biden nan "gwo fwod" epi li pwomèt pou l bay plis eksplikasyon pita.
Demokrat yo anonse y ap mennen batay kont desizyon sa a nan tribinal. Dapre yo, fèmti USAID se yon atak dirèk sou èd imanitè ak sou respè lalwa. Yo kritike tou wòl Elon Musk nan dosye a, kote li gen plis enfliyans sou desizyon gouvènman an. Dosye sa a soulve gwo kesyon sou transparans ak enpòtans separasyon pouvwa yo nan Washington.
Comentarios