top of page

Administrasyon Biden nan voye dosye TikTok la bay Prezidan Eli a.

Yon responsab ameriken ki te vle rete anonim, revele enfòmasyon enpòtan bay Associated Press. Daprè li, administrasyon Biden nan voye balon an nan pye Prezidan eli a, Donald Trump, pou deside si li pral aplike lwa Kongrè a ki mande entèdiksyon TikTok sou teritwa ameriken an.


Nan yon nòt yo voye bay ABC News, yon responsab mezon Blanch fè konnen pozisyon yo sou desizyon  an: « TikTok ka kontinye fonksyone, men fòk li vin yon pwopriyete amerikèn ». Lwa a t a dwe rantre an aplikasyon 19 janvye 2025, yon jou sèlman avan envestiti Donald Trump. Kidonk, yo kite pwochèn administrasyon an deside sou pwoblèm lan.


Daprè enfòmasyon medya yo rapòte, Trump gen entansyon kenbe TikTok Ozetazini, yon pozisyon ki kontrè ak sa lwa Kongrè a egzije. An menm tan, PDG TikTok la, Shou Zi Chew, envite pou patisipe nan seremoni envestiti Prezidan an 20 janvye 2025.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page