top of page

70 Ayisyen Rapatriye soti Ozetazini nan Ayopò Entènasyonal Kap Ayisyen.

Nan Ayopò Entènasyonal Kap Ayisyen,yon vòl ki te pote 70 sitwayen ayisyen ki te ekspilse Ozetazini, rive ateri. Moun sa yo te deja fin pase tan yo nan prizon sou teritwa ameriken an anvan yo te depòte an Ayiti.

Apre yo te rive, chak rapatriye te resevwa yon plat manje cho, swen medikal, ak yon èd finansye pou ede yo retounen nan kominote yo. Malgre sa, gen kèk nan yo ki san fanmi ak san sipò sou teritwa ayisyen an, yon sitiyasyon ki rann entegrasyon yo nan sosyete a pi difisil.


Rapatriyasyon sa a fèt nan yon moman kote Ayiti ap travèse yon kriz grav ki gen plizyè dimansyon, ak difikilte politik, ekonomik epi sosyal k ap ogmante. Malgre sa, gouvènman ameriken an kontinye mennen yon politik imigrasyon estrik, kote yo aplike lalwa san pitye.


Kondisyon sa yo leve anpil kesyon sou jan moun sa yo pral entègre ankò nan yon peyi ki deja ap fè fas ak anpil pwoblèm. Kesyon an poze tou sou responsabilite ki genyen ant gouvènman ayisyen ak ameriken an, pou adrese defi imanitè sa yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page