top of page

62 moun pèdi lavi yo nan yon avyon ki kraze toupre Sao Paulo, nan peyi Brezil.

Yon avyon konpayi Voepass Linhas Aéreas te fè krach jou ki te vandredi 9 dawout la, toupre Sao Paulo, nan katye Capela ki nan Vinhedo. Avyon sa a, ki se yon ATR72-500, t ap transpòte 58 pasaje ak 4 manm ekipaj, sou yon vòl entèn ant Cascavel nan Eta Parana ak ayewopò entènasyonal Guarulhos, Sao Paulo.


Otorite lokal yo fè konnen avyon an te desann ak yon gwo vitès anvan li te frape tè nan yon zòn rezidansyèl, sa ki lakòz yon gwo lafimen leve nan syèl la. Pou kounye a, rezon k lakoz aksidan an poko klè.


Minisipalite Valinhos, ki te patisipe nan operasyon sekou yo, konfime pa gen okenn moun ki siviv nan mitan 62 moun ki te nan avyon an. Prezidan Brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva, te eksprime tristès li epi voye senpati bay fanmi viktim yo atravè rezo sosyal X.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page