top of page

320 milyon dola se pri konstriksyon yon waf sou kòt Gaza.

Kòmand Santral Ameriken an pibliye imaj ki montre konstriksyon yon waf sou kòt Gaza. Inisyativ sa a gen pou objektif bay èd imanitè nan rejyon an.


Konstriksyon an kòmanse semèn pase a, ak ekipaj k ap travay sou plizyè bato militè pou bati platfòm la. Dapre Sabrina Singh, sekretè adjwen pou laprès Pentagòn lan te anonse pwojè sa ap koute Etazini preske $ 320 milyon dola, ki kouvri tout depans ki asosye ak premye konstriksyon an.


Yon ansyen ofisye militè te di Etazini planifye pou kòmanse bay èd imanitè nan Gaza atravè lanmè byen bonè nan kòmansman mwa me a. Operasyon sa a pral kòmanse 90 kamyon èd anviwon pa jou rive jiska 150 kamyon pa jou yon fwa yo rive ranpli tout kondisyon pou fè operasyon an konplè. Pa gen twoup Ameriken ki pral deplwaye sou tè a, men lame Izraelyen an pral ede a atravè yon kòd.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page