300 Nouvo polisye Kenyen rive Ayiti nan kad Ranfòsman Misyon pou Sekirite a.
- konektem info
- 18 janv.
- 1 min de lecture
Jodi Samdi 18 janvye 2025 lan, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, akonpaye ak manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Minis Jistis la, Sekretè Deta pou Sekirite Piblik, Direktè Jeneral PNH la, ansanm ak Anbasadè Etazini ak Kanada, te akeyi yon nouvo kontenjan 300 polisye ki soti Kenya nan Ayopò Entènasyonal Toussaint Louverture. Gwoup sa a vini pou ranfòse kapasite Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite (MMSS) k ap travay pou retabli sekirite ak konbat gang ame yo nan peyi a.
Deplwaman polisye sa yo se yon siy klè angajman gouvènman ayisyen an ak patnè entènasyonal yo pou retabli lòd, pwoteje sitwayen yo, epi asire otorite Leta repran plas li. «Lè n resevwa ranfò sa yo, nou franchi yon etap enpòtan pou libere peyi nou anba chenn rezo kriminèl yo epi retabli lapè», Premye Minis Fils-Aimé deklare, pandan li rekonèt gwo defi ki toujou rete.
Gouvènman an remèsye troup kenyen yo pou angajman yo epi afime detèminasyon li pou kontinye ranfòse kapasite sekirite nasyonal yo. Objektif final la rete menm: kreye yon anviwònman kote chak Ayisyen ka viv nan lapè ak serenite.
Comentários