226 Ayisyen ki t ap viv nan Peyi Latiki rantre lakay yo Ayiti.
- konektem info
- 11 mars
- 1 min de lecture
226 migran ayisyen retounen an Ayiti madi 11 Mas sa, apre yon vwayaj difisil soti nan Peyi Latiki. Se nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture ofisyèl yo te resevwa yo, avèk prezans Minis Zafè Sosyal ak Travay, Georges Wilber Franc, ansanm ak direktè jeneral Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM), Jean Negro Bonheur Delva.
Minis la te eksprime sipriz li devan desizyon migran yo pran pou retounen an Ayiti, malgre kriz sekirite a. Sepandan, li wè sa tankou yon mesaj fò pou otorite yo. "Chwa sa a montre yon volonte pou rebati isit la, malgre defi yo. Leta dwe pran konsyans de reyalite sa a epi ranfòse aksyon li yo pou garanti yon vi miyò pou tout Ayisyen," li deklare.
Bò kote pa li, direktè ONM lan konfime migran yo te chwazi retounen volontèman. Pou ede yo entegre ankò nan sosyete a, ONM ak Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) te bay chak moun yon asistans finansye 15 000 goud. Direktè Delva te mete aksan sou angajman ONM pou bay soutyen sosyal pou fasilite entegrasyon yo nan peyi a.
Comentarios