top of page

22 moun pèdi lavi yo Rafah aprè yon lòt atak juif

Pandan Hamas ta dwe bay repons li lendi 24 avril 2024 sa a sou yon posib akò pou yon trèv 6 sèmèn nan Gaza. Lame Izrayèl la lanse yon atak ki detwi lavi yon ventèn kretyen vivan, dapre sous Sante Palestinyen ki kontwole pa gwoup islamik la.


Yo rapòte atak ayeryen Izrayèl nan sid Gaza touye omwen 22 moun, ki gen ladan 6 fanm ak 5 timoun.

Pèp juif la fè atak ayeryen detanzantan Rafah depi kòmansman lagè a e li te menase pou l voye twoup atè, li di vil Gaza a se dènye gwo fòs Hamas nan anklav kotyè a.


Plis pase yon milyon Palestinyen jwenn refij nan vil sa a ki sou fwontyè peyi Lejip. Etazini ak lòt peyi yo mande Leta Ebre a pou pa anvayi zòn nan, paske yo pè yon katastwòf imanitè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page