2 mwa aprè evazyon de gwo sant kaseral Lwès la, PNH la pibliye plizyè dizèn avi rechèch dèyè prizonye kite sove yo.
- konektem info
- 6 mai 2024
- 1 min de lecture
PNH la pibliye jodi lendi 6 me plizyè dizèn avi rechèch dèyè prizonye kite chape poul yo nan divès evazyon ki fèt nan 2 dènye mwa sa yo.
Piblikasyon vini aprè yon atelye travay te prezide yè dimanch 5 me a nan lide pou ranfòse sekirite nan prizon yo depi kèk jou ki se you nan veritab sib bandi yo epi mete lapat sou tout evade nan peyi a.
Polis Nasyonal la mande popilasyon pou ede operasyon koukouwouy yo lanse kont tout evade Penitansye Nasyonal, Prizon Kwadèboukè, Kabarè ak Pòdepè.
Comments